Kèk pawòl sou kreyòl
Kisa
kreyòl ye? Nan jounen yo chwazi pou fete lang kreyòl, menm lè tout moun lage
nan chache bèl pwovèb kreyòl, k ap montre jan lang la pote yon pakèt lide enpòtan,
k ap montre kreyativite ayisyen, li ta bon, nan jou sa a, pou nou pran ti chèz
ba nou pou nou makonnen kèk lide sou sa kreyòl la ye. Pou mwen pa nan deplòtonnen
yon pakèt pawòl ki pral pran twòp tan, m ap di kreyòl la, tankou tout lang, pote
yon memwa, li te fèt nan yon sitiyasyon istorik epi li tradui kapasite yon
gwoup moun pou eksprime sa yo viv, sa yo konprann nan lanati.
Nan
petèt pi ansyen sans li, kreyòl vle di boujon, jèn plant, ki ole. Mwen raple m
lè m te piti, papa m te konn mete akote jèn plant kreyòl yo pou l plante. Sans
mo kreyòl sa a la lontan. Gran save k ap chache fouye zo nan kalalou pou
konprann ki jan kreyòl fèt jwenn premye sans kreyòl te genyen te konsène fason
pou rele jèn plant yo. Apre sa, yo te vin itilize l pou rele kolon blan ki fèt
nan koloni Sendomeng ak lòt yo. Tan pase tan tounen, yo vin itilize l pou
esklav ki fèt nan koloni yo oubyen ki vin maton nan reyalite lavi nan koloni
yo.
Kidonk
kreyòl se yon fason pou pale de yon bagay oubyen moun ki jèn, ki bèl tou.
Tankou, jounen jodi a, Ayisyen rele yon jèn fanm ki anfòm “kreyòl”: “wi fout! gade
yon fanm kreyòl!”, “gade yon bèl kreyòl k ap pase la…” Gen moun tou ki di kreyòl
la se yon lang ki dou, ki plen pwezi.
Nan sans sa a, m ap tou montre kijan kreyòl la
pote memwa kèk eksperyans Aysisyen fè. Mwen renmen site mo sa a: “kretyen”
oubyen “kretyen vivan”. Mwen ap sonje lè m te Lise Tousen. Mwen te genyen yon pwofesè
panyòl. Yon jou mwen kwaze ak li, epi mwen mande l si l se “kretyen”? San mwen
pa atann ak sa, li reponn mwen: li se yon “bèt”. Se te yon repons pou l te pase
m nan betiz. Men repons sa a te fè m panse ak yon lòt bagay: “kretyen” vle di “moun”.
Lè mwen al chache konnen, mwen remake nan listwa lè Ewopeyen rive pa bò isit yo
t ap mande tèt yo si Endyen yo se te moun. Sa ki te vle di : èske Endyen yo se
“kretyen”. Depi lè sa a, ta sanble “kretyen” te vin tou vle di “moun”. Mwen wè
bagay sa a tankou yon richès istorik, antwopolojik, kreyòl la pote.
Kreyòl
la pote lòt bagay tankou fason li pran nesans. Pou kreyòl te rive kreye, te gen
sou bout tè nou an ak lot kote tankou Gwadloup, Matinik, Lareyinyon, elatriye,
yon bann moun ki te soti Lewòp, Lafrik ginen ak moun ki te la yo, Endyen yo, te
oblije chache yon mwayen, menm lè te gen anpil chirepit, mechanste, pou yo te
ka pale. Nan koloni yo, vyolans t ap ravaje moun yo, sitou esklav nwa yo blan
ak milat pa t pran pou anyen. Menm lè sa, yo te oblije jwenn yon fason pou pale
ansanm, joure ansanm... Se nan moman sa a kreyòl la kreye. Kidonk, li se yon
lang (pi devan m ap gen pou mwen ajoute ke kreyèl plis pase yon lang, li se
kilti, li se yon fason sosyete mwen sot site la yo konstwi mond pa yo) ki pran
nesans pou simante kominote a menm lè kominote a te gentan depatcha (se sa ki
fè nan peyi Ayiti nou di: “kreyòl pale, kreyòl konprann”. Men sa pa t anpeche
kreyòl la, ki se te plis lang esklav yo, te pran, men jan ak jounen jodi a, anpil
pataswèl nan men blan ak nèg ki te kwè, ki toujou kontinye ap kwè, yo se blan
paske yo te ale nan lekòl blan fè.
Se
nan sans sa a, nou ka remake kreyòl la gen yon diferans li fè ant “nwa” ak “nwè”.
Sou yon echèl valè, “nwè” konn soulve mokri, li dezinye koulè nwa ki trè fonse
yo. Poutan, nan lang kreyòl la “nèg” (nenpòt ki koulè li ye a) vle di moun. Sa
ki ta vle di kreyòl la pote alafwa pwoblèm rasis li fèt ladan lan ak pwojè
pou Ayisyen soti nan pwoblèm sa a. Kontrèman ak sa anpil Ayisyen ap pale, kreyòl
la pote yon gwo chay travay sosyete ayisyen an ap fè pou bay tèt li sans malgre
gwo difkilte l ap travèse. Se sitou sans pwovèb yo, men se sitou sans egzistans
lang kreyòl la menm.
Nan
ka sa a, mwen ap pouse pawòl la pi devan. M ap ajoute ke kreyòl se pa sèlman lang
lan, li se kilti a tou. M ap annik di kèk mo epi m ap tou fini ak pwen sa a paske
mwen pa anvi twò rete sou li. Nan yon lòt okazyon, mwen ap abòde kesyon sa a nan
tout detay li.
Kreyòl
la fèt nan relasyon blan, afriken ak endyen (li pa konsène sèl Ayisyen, menm si
mwen pran kontèks peyi Ayiti nan tèks sa a). Li se yon melanj, yon makonnay
plizyè bagay tankou pawòl, memwa, kò, santiman, mès, elatriye. Nan menm moman
lang lan ap brase plizyè lòt lang, se nan menm moman l ap brase plizyè istwa,
pawòl, mès, plizyè pèp kite rankontre yo. Sa ki vin fè menm kilti a tou vin
tankou yo manje marasa, tankou yon manje ginen kote ou jwenn tout bagay ladan l.
Se pa sèlman sa, kreyòl la, menm jan ak kilti a, vin bay yon lòt fason Ayisyen
panse. An n pran Lodyans lan, ki se yon melanj plizyè fason yo makonnen lapwòl:
pwezi, esè, istwa oubyen resi (nouvèl), filozofi, elatriye.
Kreyòl
la plis pase yon lang. Li se tout fason Ayisyen itilize pou bay sa l ap fè
sans. Li se kilti, li se pwezi, li se politik, li se relijyon, elatriye. M ap
fini pou m di ou ka ap pale fransè epi se an kreyòl w ap panse. Pa bò isit moun
yo redui kreyòl ak yon senp zafè lang. Li pa senpman sa, kreyòl se pi gwo envansyon
Ayisyen fè (si mwen pran fòs prezans li nan lavi chak jou, nan tout aktivite
ayisyen yo) pou l kòmanse viv libète ak panse libète nan trese tout sa l jwenn tribòpabò
pou fè yon bouke flè lavi.
Nan
jou sa a, sa ki sanble pi enpòtan pou mwen se mande tèt nou, nou menm Ayisyen,
kisa viv tankou kreyòl ta vle di? Kisa lavi yon kreyòl ye? Kisa lavi kreyòl ye?
Èske sa ta vle di lavi kreyòl la gen yon lojik pou tèt li? Kijan mwen ka
rekonèt lojik sa a? Ki sa k ta ka fè li diferan de lòt lojik yo? Kesyon sa yo,
ki ta dwe mennen mwen sou chemen pou reflechi yon lòt fason sou sosyete a, ap
jwenn repons nan yon lòt refleksyon.
Filozòf
Commentaires
Enregistrer un commentaire