Articles

Affichage des articles du octobre, 2021

Kèk pawòl sou kreyòl

Image
  Kisa kreyòl ye? Nan jounen yo chwazi pou fete lang kreyòl, menm lè tout moun lage nan chache bèl pwovèb kreyòl, k ap montre jan lang la pote yon pakèt lide enpòtan, k ap montre kreyativite ayisyen, li ta bon, nan jou sa a, pou nou pran ti chèz ba nou pou nou makonnen kèk lide sou sa kreyòl la ye. Pou mwen pa nan deplòtonnen yon pakèt pawòl ki pral pran twòp tan, m ap di kreyòl la, tankou tout lang, pote yon memwa, li te fèt nan yon sitiyasyon istorik epi li tradui kapasite yon gwoup moun pou eksprime sa yo viv, sa yo konprann nan lanati. Nan petèt pi ansyen sans li, kreyòl vle di boujon, jèn plant, ki ole. Mwen raple m lè m te piti, papa m te konn mete akote jèn plant kreyòl yo pou l plante. Sans mo kreyòl sa a la lontan. Gran save k ap chache fouye zo nan kalalou pou konprann ki jan kreyòl fèt jwenn premye sans kreyòl te genyen te konsène fason pou rele jèn plant yo. Apre sa, yo te vin itilize l pou rele kolon blan ki fèt nan koloni Sendomeng ak lòt yo. Tan pase tan tounen, yo vin